Pastè Maurice Lapierre , Prezidan Réveil d’Haiti , Responsab ministè King James Ayiti , Prezidan COCHRA nan yon  deklarasyon ofisyel ke li fè jounen jodia 28 oktòb fè konnen lang se zouti devlòpman, pandan li ankourage pèp ayisyen pou yo renmen lang kreyol la ki se yon eleman kiltirel enpòtan pou idantifye sitoyen an epi pèmèt li sosyalize. 

« kreyol se lang nou kidonk nou sipoze ba li tout valè ke li genyen nan sosyete a , yon pèp pap ka fè okenn pa nan devlòpman si li refize bay lang manman l ak papal valè » se konsa Pastè Maurice Lapierre ki se prezidan Revey Dayiti te komanse diskou li a. 

« Timoun nou yo manke pèfòman paske yo pa aprann nan lang yo , se poutèt sa peyi a beswen moun ki Gen bon konprann ki pou dirigel pou bagay yo ka mache jan yo dwe mache.labib di nan pwovèb 16 vèsèt 23 : Kè moun ki saj yo enstwi bouch yo  , li ajoute konesans nan bouch yo». 

Pi lwen Pastè Lapierre Maurice ankourage pèp ayisyen an pou yo valorize lang kreyol la paske se yon eleman kiltirel enpòtan ki pèmèt idantifikasyon ak sosyalisasyon nan  mond lan.

Laisser un commentaire