Yon emisyon ki genyen tout tan ekzistans sa lè nou fè bilan nou pa wè oken pwogrè emisyon an avèk tout animatè a fè pou sosyete avanse.
Nou tout konnen yon jounalis genyen yon sèl misyon sosyolojik se kenbe sosyete kote lap evolye a si sosyete a konstwi deja , men pou nou an AYITI misyon nou se konstwi sosyete pa nou an depi nan kòmansman Nou konstate yon bilan ZEWO pou emisyon envitez du jour se sèl konstans mesye a te fè.

Poukisa malgre tout Ora(ekout) animatè emisyon an genyen pou se konsa sosyete a vin pi mal ?
Jis M.Numa rive konsyan ke li travay poul genyen kontak se vre! men anyen pozitif pa janm rezoud pou peyi a atravè emisyon M.Valery Numa yo.Eske sepa Asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse ki ap travay konsyans M.Numa?

Lèn konsidere rezon li evoke yo se preske menm aktè yo li toujou ap envite e se yo li toujou ap entèwoje.Nou tout konnen aktè yo deja e genyen yon minimòm nan yo ki akize nan asasina prezidan repiblik la, pou di sepa konsyans mesye a kap kalel?
Ouuuuffff si se sa mwen sur ke peyi a pral rale yon souf paske echèk avèk rekil mesye a pral bay tout bon jounalis ki pa kwè nan fè show medyatik leson men ki kwè ke se sosyete a pou nou konstwi ,journalis ki deside soufri pou pa pran anvlop avèk chèk nan men Oligak yo dwe komanse travay yon lòt sosyete ki pral bay nou yon lòt fòm politik.

Kote ke nap sispann asasinen moun nan mikwo e ekzote ajitatè barikad se avni yo avèk mikwo a pito .
BRAVO VALÉRY NUMA
Paske ou konsyan ke aktè ou te konn bay mikwo yo se yo ki toujou la ap kraze peyi a pi plis ou fè prèv grandè.

M.valery Numa echèk ou an dwe sèvi ou menm tou leson pou ou chanje strateji travay ou menm a travè emisyon Vision 2000 a l’écoute ke wap kontinye toujou . Nap kontinye swiv chak pa ou fè nan pwofesyon an poun korije kaye nou pi plis.

 Nous sommes les premiers responsables de ce qui nous arrive. Et se sont donc nos choix, nos attitudes, nos comportements que nous devons remettre en cause. Même si nous pensons avoir échoué par la faute d’autrui.

Widner JOSEPH Cap Haïtien Widnerjoseph503@yahoo.com

Laisser un commentaire